Zenglen
Li Lè Li Tan
[Intro]
Zenglen
Toujou anlè menm bato a
Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan
Si n pa rekonsillye vre pi devan
Y ap bann plis non pote
Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan
Ann pa fè wont sèvi kòlè
Rele sou kò nou pito

[Verse 1]
Nou pot tout non tout move non
Nou paka repete, pitit nou paka tande
Nou fè listwa kòm gwo nasyon
Nou te kòmanse byen
Pouki nou pa vle fini byen

[Bridge]
Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan
Li lè li tan pou n chanje konpòtman
Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan
[Verse 2]
Anmwe anmwe
Rele anmwe nou ka kriye
Rasanble pote kole
Men pa fè kòlè sèvi wont je
Diyite nou genyen fòk nou sove
Olye n estomake
Korije kaye n pito
Kou sa p ap pase
Aaa bon l pase deja
Kou sa p ap pase
Fòn fè efò pou l pa pase ankò
Kou sa p ap pase

[Chorus](2x)
Jodia yo rele l S H Ayiti
Yon pèp k ap mache bay 4H
Kolon sa yo kanpe kinalaganach
N oblije ap fè listwa pou yo
N oblije rale liv yo
N ap mande pou fè tradwi mizik sila pou yo
Pou fè konnen jan nou te ede Etazini pran lendepandans

[Chorus](2x)
Jodia yo rele l S H Ayiti
Yon pèp k ap mache bay 4H
Kolon sa yo kanpe kinalaganach
[Verse 3]
Ayisyen yo si nou estomake
Sa se yon wake up call
Si nou tap dòmi leve
Pa gen anyen ke n te fè n pa ka refè
Ayiti te perle des Antilles
Nou p ap vin pran move konsiy
Se devwa n pou n pwoteje imaj peyi a

[Chorus](2x)
Jodia yo rele l S H Ayiti
Yon pèp k ap mache bay 4H
Kolon sa yo kanpe kinalaganach