Zenglen
Pou Man Man’m
Depi'n piti'n séparé
Se pa avè'w mw leve
Se pa avè'w mw grandi
Tout sa se fòt lavi (bis)

Une étoile de midi
Un soleil de minuit
Konsa'm santi'm depi manman mw mouri
Li t'ale Miami pou l'al chèche lavi
Depi'l rive se redi l'ap redi
Maladi lanati

Sibitm etan li mouri
Chans pou mw ti frè'm yo t gentan pati
Men sa pa anpeche ke nan vi nou li manke
Moso manman p'ap janm k ranplase
Si lèzòm t konsyan
D'importance yon manman
Yo ta va selebre 367 jours l'an
Manman son djòb ki san konje
Manman pa gen jou ferye

Depi'n piti'n séparé
Se pa avè'w mw leve
Se pa avè'w mw grandi
Tout sa se fòt lavi (bis)
À la prière
Pral nan simityè
Ak 2 bra'm anlè
À la mizè woy
Panse ak lanmò
Pandan gen lavi
Ba'l dyaman ba'l lò
Wa va beni'l

L'ale c le destin ki vle'l
Frè'm siye je'w
Lè'w wè l'ale
Li p'ap resisite
Mèt rele kriye

L'ale c le destin ki vle'l
Frè'm konsole'w
Lè'w wè l'ale
Li p'ap resisite
Mèt rele kriye

À la prière
Pral nan simityè
Ak 2 bra'm anlè
À la mizè woy
Panse ak lanmò
Pandan gen lavi
Ba'l dyaman ba'l lò
Wa va beni'l
L'ale c le destin ki vle'l
Frè'm siye je'w
Lè'w wè l'ale
Li p'ap resisite
Mèt rele kriye

L'ale c le destin ki vle'l
Frè'm konsole'w
Lè'w wè l'ale
Li p'ap resisite
Mèt rele kriye

Respekte manman'w
Renmen'l
(renmen manman'w)
Adore manman'w
Renmen'l

Respekte manman'w
(Wa respekte manman'w)
Renmen'l
(pou demen lè l'ale?
Adore manman'w
(pral kriye chak jou)
Renmen'l
Manman se prezantan
Letènèl sou latè
Yon kay ki san manman
Pa gen poto mitan
Fò'k ou respekte'l wi

Respekte manman'w
(Wa respekte manman'w)
Renmen'l
(pou yon jou lè l'ale?
Adore manman'w
(pral kriye chak jou)
Renmen'l
Ou p'ap janm konsole

Oh BonDye poukisa
Ou t'oblije pran'l déjà
Li ta fyè jodia
Pou'l ta wè'm dirijan

Manman pa gen jou ferye