Niska
Bon Pou Mwen
{Baky}

Lè'w gade nan je'm sa'w wè?

Met men'w sou kè'm saw wè?

Se tankou'w dife'k leve sou kò mwen

M ta renmenw vin dim saw fem...

{Niska}

M santi tout sa'w santi, m pataje tout sa'k nan kè'w

Ou gen yon janw Toumante lespri mwen

M santim ap pran kriz lè'm wèw

{Baky}

Manvi'w vin avè'm menm pè mennen'w

Manvi posede'w menm pè renmen'w

Manvi bò kote'w lè'w pa la, Lè'w la m vle kenbe men'w Menm ret lwen Koz m pè jennenw

{Niska}

M jennen maksepte Chak lè'w vle touche'm

M konnen'w pa pou mwen men'm pa repouse'w

M pa konnen sa nap fè ak vi nouuu



{Refren Michael Guirand}
Li Bon pou mwen, Li bon pou mwen

Ou Tankouw maladi mwen pa vle geri

Ou tankou yon doulè mwen pa vle'k fini

Li Bon pou mwen, Li bon pou mwen

Ou Tankou yon istwa ki pap janm ekri

Relasyon sa ka detwi vi'm Yeah yeah yeah!



{Baky}

Pwiske'm pap janm ka gon future avè'w

M pa kwè Okenn moun ta dwe janm konn afè'n

Madanm mwen ap relem, talè fòk mwen kite'w

(Oh wap kite'm?)

Map revin jwenn ou 2h d tan aprè
Kò'm si ak lanmò'n renmen frole

Dèfwa'm vle ale men san zèl m pap janm vole

Fòn pap di shutt poul pa fon tole

Chak lèm vle vag, menm ret la se tankou'm kole

{Niska}



Yeah n kole vre men remò ap fann nou

E Lè'w avèl kisam ka di pwiske'm pa fanm ou

E'm gen nèg pam(Nèg paw) map viv avèl

An konklizyon nou chak gon moun Kap tann nou

M konnenm renmenlm pat janm vle fel abus

Nou 2 gon moun nan vi'n t di'n tap avèl pou lavi

Yeah m wont de tèt mwen, Sak fèt la fin fèt, m konnenm gen nèg m regrèt men



{Refren}

Li Bon pou mwen, Li bon pou mwen

Ou Tankouw maladi mwen pa vle geri

Ou tankou yon doulè mwen pa vle'k fini

Li Bon pou mwen, Li bon pou mwen

Ou Tankou yon istwa ki pap janm ekri

Relasyon sa ka detwi vi'm Yeah yeah yeah!



{Bridge}

Eske lem lwenw ou sonje'm janm sonje'w la eske chak fwaw wè'm mwen fè kèw bat

Eske'w regrèt janm regrèt tout sa'n fè

Kijanm fè tounen chak lè'm Fè back

M pa vle mennaj mwen kite'm aprè tout sa'l pase avè'm yo

Men kisam pral fè avè'w



(Bridge) MG

Oewoooo ewoooo m vle kanpe sa,l

Fòk nou kanpe sa

(X2)



(Solo)





{Refren final}