Wyclef Jean
24 È Tan Pou Viv
Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri…

Yeh
Si'w te gen 24 è tan pou viv
Epi nou konnen'w ta pral mourii (24 è tan)
Kisa'w t'ap fè?
Yo

[Verse 1]
Si m'te gen 24 è tan viv mwen ta pral cheke manmi
Di'l li te fè yon bon travay avèk premye pitit li
Lè yo te rele'm volè, asasin
Li pat janm lage'm
Li te toujou kenbe'm
Bo'l sou fwon tèt li apre sa pran lari
2 zè e demi rele Gerald Duplessis
Di'l, vin chache'm, depoze'm
Kay madanm mwen gade jan l'abiye byen fre
Li di Wyclef an'n al manje nan tap tap
Mwen di mwen pap ka paske demen mwen pap la
Mwen sèlman vin remèsye'w ak tout kè'm
Paske bagay mwen te fè'w pase ou pa menm te dwe rete avè'm
Ou se yon bèl fi
Ou pa bezwen kriye
Depi ou wè m'ale
Ou mèt remarye